Petiht Open in Petiht
« YON TIMOUN PA YON PWOBLÈM, SE YON RESPONSABLITE » Pèsonaj yo 1. Jij 2. Grefye 3. Avoka timoun nan 4. Avoka Leta 5. Reprezantan sèvis sosyal 6. Timoun nan : David, 13 an 7. Temwen : yon moun ki konnen sitiyasyon timoun nan SÈN 1 — OUVÈTI ODYANS LAN Grefye : Tout moun leve. Tribinal la antre. Jij : Chita. Dosye nou gen devan nou jodi a konsène David, yon timoun ki gen 13 an ki ap viv nan lari e ki pa benefisye yon pwoteksyon regilye. Avoka timoun nan, ou gen lapawòl. SÈN 2 PREZANTASYON AVOKA TIMOUN NAN Avoka timoun nan : Mèsi, Onorab Jij. Jodi a, mwen pa devan Tribinal la pou m mande yon favè pou David. Mwen devan Tribinal la pou m mande pou yo respekte dwa yon timoun. David gen 13 an. Li pa gen yon kay ki estab. Li pa gen aksè regilye ak lekòl. Li ekspoze ak danje ki kapab afekte devlopman li. Se poutèt sa, kestyon nou dwe poze a se pa sèlman : « Poukisa timoun sa a nan lari? » Men : « Ki responsablite Leta genyen devan sitiyasyon sa a? »SÈN 3 — KESTYON POU TIMOUN NAN Jij : David, ou kapab pale. Pa gen moun ki pral fòse w di sa ou pa vle di. Avoka timoun nan : David, ki laj ou? David : Mwen gen 13 an. Avoka : Ki kote ou konn dòmi? David : Mwen dòmi kote mwen jwenn. Gen fwa se anba galri, gen fwa se nan lari. Avoka : Èske ou ale lekòl? David : Non. Mwen te konn ale, men mwen pa ale ankò. Avoka : Èske ou ta renmen retounen lekòl? David : Wi. Avoka : Kisa ou ta renmen vin ye lè ou gran? David : Mwen ta renmen vin avoka. Avoka : Se jisteman pou sa nou la jodi a, Onorab Jij. SÈN 4 AVOKA LETA A REPONN Jij : Avoka Leta, ou kapab reponn. Avoka Leta : Onorab Jij, Leta rekonèt sitiyasyon timoun nan difisil. Men nou dwe pran an konsiderasyon limit resous ak kapasite enstitisyon yo. Gen anpil timoun ki nan menm sitiyasyon an. Avoka timoun nan : Avèk respè pou confrè mwen, lefèt ke gen anpil timoun ki bezwen pwoteksyon pa retire dwa David genyen. Yon dwa pa vin mwens enpòtan paske gen anpil moun ki bezwen li. SÈN 5 KONFWONTASYON JIRIDIK Avoka timoun nan : Mwen gen kèk kestyon pou reprezantan Leta. Jij : Ale. Avoka : Èske Leta rekonèt David kòm yon timoun? Reprezantan Leta : Wi. Avoka : Èske timoun yo bezwen pwoteksyon espesyal? Reprezantan Leta : Wi. Avoka : Èske David ap viv nan kondisyon ki mete devlopman li an danje? Reprezantan Leta : Sitiyasyon an difisil, wi. Avoka : Donk, si Leta rekonèt : * se yon timoun; * li nan yon sitiyasyon vilnerab; * li bezwen pwoteksyon; poukisa pa gen yon mezi pwoteksyon efikas ki deja pran pou li? Avoka Leta : Gen pwosedi ki dwe swiv… Avoka timoun nan : Mwen dakò pou pwosedi respekte. Men pwosedi pa dwe tounen yon eskiz pou inaction. SÈN 6 TRAVAYÈ SOSYAL LA Avoka timoun nan : Mwen mande pèmisyon pou m poze travayè sosyal la kèk kestyon. Jij : Pèmisyon akòde. Avoka : Èske timoun ki ap viv nan lari yo bezwen sèlman manje? Travayè sosyal : Non. Yo bezwen pwoteksyon, edikasyon, swen, sipò sikolojik, idantifikasyon ak yon akonpayman sosyal. Avoka : Èske mete yon timoun nan yon espas pou kèk jou sifi pou rezoud pwoblèm nan? Travayè sosyal : Non. Li bezwen yon solisyon ki dire. Avoka : Se sa menm nou mande Tribinal la. SÈN 7 PLAIDOYERI FINAL AVOKA TIMOUN NAN Avoka timoun nan : Onorab Jij, Lè yon timoun ap viv nan lari, sosyete a pa dwe sèlman wè l kòm yon moun k ap dòmi deyò. Li se yon timoun ki gen dwa. Dèyè non David, gen yon timoun ki gen yon avni. Li di Tribinal la li vle retounen lekòl. Li di li vle vin avoka. Men ki jan nou ka mande yon timoun prepare avni li pandan li pa gen sekirite pou l pase nwit? Leta pa ka sèlman rekonèt dwa timoun yo nan tèks. Dwa yo dwe aplike nan reyalite. Se poutèt sa, mwen mande Tribinal la pou l bay mezi ki nesesè pou : Premyèman, mete David nan yon anviwònman ki an sekirite; Dezyèmman, garanti aksè li ak manje, swen sante, ijyèn ak edikasyon; Twazyèmman, fè yon evalyasyon sosyal sou sitiyasyon li; Katriyèmman, bay li akonpayman sikolojik ak sosyal; Senkyèmman, chèche yon solisyon dirab ki respekte enterè li; Sizyèmman, mete yon mekanis siveyans pou verifye aplikasyon mezi sa yo. Onorab Jij, David pa mande pou yo fè l yon favè. Li mande pou yo wè li kòm sa li ye : yon timoun. E lè yon timoun bezwen pwoteksyon, se pa moman pou Leta vire do. Se moman pou Leta pran responsablite li. Mwen fini, Onorab Jij. SÈN 8 DÈNYE MO TIMOUN NAN Jij : David, anvan Tribinal la fini, èske gen yon bagay ou ta renmen di? David : Wi, Onorab. Mwen pa vle rete nan lari. Mwen vle ale lekòl. Mwen vle travay lè m gran. Mwen vle vin yon moun. Jij : Ou deja yon moun, David. E se responsablite nou tout pou nou pa kite kondisyon lavi w detwi avni w. Grefye : Tribinal la leve.

0 34